Skip to main content
English

Konnen Dwa w antanke yon Moun San Abri:

Aplikasyon Lwa Federal nan Chicago

Administrasyon Trump lan ap menase mete sou pye yon potansyèl deplwaman Gad Nasyonal nan vil Chicago. Lè twoup yo te deplwaye resamman nan Washington D.C., yo te fòse moun ki ap viv san abri yo deplase epi yo te detwi tout sa yo posede san ke yo pa t avize yo oubyen yo te avize yo sa ta.

Nou vrèman ankouraje moun k ap viv nan lari yo pou yo pran prekosyon sa a yo:

  • Pa dòmi sou plas piblik. Pou sekirite nou, tanpri eseye al dòmi nan yon abri oubyen nan anndan yon lòt lokal. Prezidan an ka òdone fòs lòd yo pou yo fòse deplase e/oubyen arete nenpòt k ap dòmi nan lari.
  • Toujou genyen sou ou foto idantifikasyon w. Panse a mande yon manm fanmi, yon zanmi, oubyen manadjè ka ou a pou l sere nenpòt dokiman enpòtan (tankou kat Sekirite Sosyal oubyen sètifika nesans) e/oubyen pwopriyete ki gen valè santimantal tankou foto familyal ak souvni nan yon kote ki an sekirite.
  • Toujou genyen sou ou nimewo telefòn yon kontak ijans, tankou telefòn yon manm fanmi, yon zanmi, oubyen manadjè ka ou a.
  • Toujou genyen sou ou medikaman w yo, ansanm ak yon lis de tout medikaman w yo.
  • Toujou kite telefòn ou chaje nèt otan ke ou kapab, si ou gen youn.

Si w bezwen yon abri:

  • Eksplore posiblite pou al rete ak yon moun ki ka sipòte w, sou yon baz tanporè.
  • Si w bezwen aksè a yon Abri, tanpri rele 3-1-1 epi be asire w ke ou ekri nimewo sèvis ou mande a (SR). Bay 3-1-1 adrès kote w rete epi di klèman ke ou san abri e ke ou bezwen yon abri. Tanpri, note ke kapasite abri a kapab limite.
  • Pou fè demann abri an pèsòn, adilt selibatè yo ka vizite Plasman nan Abri ak Sant Resous (Shelter Placement and Resource Center, SPARC) nan 2241 S. Halsted. Rele 773-526-3707 pou konfime kapasite abri a. Ou ka fè demann abri 3-1-1 24 èdtan pa jou ak with assistans sou plas, kèlkeswa kapasite a.
  • Pou fanmi ki gen minè, yo ka fè demann abri a an pèsòn nan Evalyasyon Ijans Lame Sali a (Salvation Army Emergency Assessment and Resource Center, EHARC) ki sitiye nan 924 N. Christiana.

Konsèy pou entèraksyon ak ajan polis oubyen ajan federal:

  • Rete Kalm: Say “M ap egzèse dwa m pou m rete an silans” e “Mwen pa dakò pou yo fè rechèc sou kò m oubyen sou pwopriyete m.”
    • Si nenpòt ofisye ta poze w kesyon, sonje ke w gen dwa pou rete an silans. Ou PA gen obligasyon pou diskite de estati imigrasyon w oubyen estati sitwayènte w ak okenn ofisye fòs lòd.
    • Ou gen dwa a yon avoka ke gouvènman an ap baw si yo arete w pou yon ofans kriminèl. Si yo arete w paske yo sispèk estati imigrasyon w, ou gen dwa pou gen yon avoka, men gouvènman an p ap ba w youn.
  • Deplase Byen Pèsonèl ou: Si byen pèsonèl ou yo bloke twotwa a, yon chemen piblik, yon rezidans prive, oubyen yon biznis, ofri pou ranmase yo e/oubyen deplase ale nan yon lòt kote.
  • Mande si ou lib pou ale: Si yo di w wi, ale. Si yo di w non, eseye sonje tout sa w kapab de ofisye ki arete w la (inifòm, nimewo badj, non) ak kèlkeswa temwen yo. Deklare imedyatman “Mwen vle pale ak yon avoka.”
  • Si yo andomaje oubyen deplase nenpòt byen pèsonèl, fè yon lis de tout sa ou pèdi yo.
  • Rele nou: Lè ou kapab, rele Kowalisyon Chicago pou Mete Fen a Fenomèn San Abri a nan 1-800-940-1119 pou repòte nenpòt entèraksyon avèk twoup federal yo oubyen fòs lòd yo.

Si w bezwen èd, obsève aktivite anòmal fòs lòd yo, oubyen si w gen nenpòt enfòmasyon ou ta vle pataje

312-641-4148

Rele Chicago Coalition to End Homelessness (Kowalisyon Chicago pou Mete Fen ak Fenomèn San Abri)